Ti machann ak konsomatè yo nan komin Senlwidinò ap rele amwye pou pri pwodwi prime yo ki pa janm bese.

07-12-2023
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Timachann ak konsomatè yo pa sispann plenyen pou pri pwodwi premye nesesite yo ki pa janm bese sou mache lokal la.
Diferans pri sou mache lokal yo toujou depann de pri pwodwi transvèsal yo ak monte dola sou mache entènasyonal yo; jodi a dola desann apati 150 a 27 goud, pa gen oken rezon pou sektè komès la ta kenbe popilasyon an nan yon sitiyasyon parèy. Selon konsomatè yo, se mache nwa kap fèt sou do pèp la pou moun ki rich yo kap vin pi rich epi sa ki pòv yo menm ap mouri grangou chakjou.
Popilasyon an nan komin Senlwidinò, ap mande minis komès la, Ricadin Saint Jean pou mennen yon ankèt prese prese, non sèlman sou pri pwodwi yo, men sou kantite pwodwi ekspire kap vann sou mache a ak nan magazen yo. Anplis, yo mande mouche leta, eske sèvis sanitè pa egziste ankò nan peyi Dayiti?
konsa, yo soupliye sektè komès pou bay pòv malèrèz yo yon chans pou viv anba vag chalè ki fin boule tout sa yo te plante pou yo te kap viv. Nou pap dòmi, na reveye pou chèche sa ki revyen nou dwa.
Chen grangou pa jwe!






