Lapolis mete do yon dizèn bandi atè, alòske ridikilman li arive sezi sèlman yon bout fizi wouye

505
1
Share:
TRiboLAND

10 – 20 – 2024

Kwa Dèboukè, Ayiti______(TRiboLAND) Nan objektif pou ratibwaze rezo gang sangwen ki achte Kwa Dèboukè ak Taba lajan kontan, fòs lòd yo lage koukouwouj dèyè sanginè yo depi kèk jou.

Konsa, nan yon operasyon tranble janm nan lanwit 19 pou rive 20 oktòb 2024 la, Polis Nasyonal Dayiti arive mete do yon dizèn bandi sangwen atè nan boukantaj kout zam nan Site Doudoun nan komin Kwa Dèboukè.

Operasyon sila ki genyen konplisite ajan UDMO yo, te fasilite fòs lòd yo mete men sou yon latriye materyèl sansib e arive sezi sèlman yon fizi AK47, yon bagay ki pa ta sanble ak reyalite. Pou yon dizèn bandi ame tonbe, alòske lapolis pa arive rekipere pliz ki te nan men sangwen yo?

Antouka, se yon gwo kout senay lapopo fè lè li blese yo mòtèlman pa grap; yok out privye ki ta montre ke granmoun kay la detèmine pou mete kichòy nan menm sangwen yo.

Share:

1 comment

Leave a reply