Lapolis ap miltipliye operasyon trese lèl yo nan objektif pou reprann kontwòl Kafou Fèy.

908

09-07-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Plizyè inite nan Polis Nasyonal Dayiti a, tankou: UTAG, SWAT, BRI, BLTS, BLVV, UDMO, e CIMO mobilize e menm detèmine pou miltipliye operasyon ekstèmine bandi yo nan Kafou Fèy.

Ta sanble, se apwè vòlè finn antre, se lè sa lapolis ap kouri eseye fèmen barye. Toutfwa, fòs lòd yo miltipliye patwouy nan Kafou Fèy, kote ke anpil rezidan 2 bwa balanse kouri kite rejyon an pou gang tèworis ki deja kontwole 80% nan kapital la.

Yonn nan objektif pwimòdyal yon parèy operasyon, se elimine mikwòb yo san pèdi tan e fasilite retounen abitan refije yo lakay yo san pèdi tan, dapwè revelasyon yon wo grade PNH, ki ta menm konfime ke Wo Kòmandman polis la genyen anpil pou wè ak dezòd gang yo. Si yo transfere yon pakèt nan yo nan vil pwovens yo, fe gang yo ap bese.

Comments are closed.