Akoz sitiyasyon enpratikab wout Senlwidinò, yon kamyon chavire

820


05 – 07 – 2024

Senlwidinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon kamyon tonbe maten lendi 06 me 2024 la nan zòn Bwa Chandèl, tou pre Lekòl “La Bergerie” nan komin Senlwidinò. Aksidan sa fèt parapò ak deteryorasyon wout akoz gwo lapli kap tonbe depi plizyè jou sou komin lan. Divès kote nan wout yo fouye epi avayi ak basen dlo; konsa, sa lakoz chofè yo pa gen kontwòl wout la.

Jimmy ensikoni se inik moun ki te sou kamyon an, te apèn soti pou pase pran lòt moun yo pou al travay pa gen anyen; men se pandan li te vrèman sou chòk aprè aksidan.

Moun Senlwidinò mande otorite yo entèvni pi vit ke posib sou plas, yon fason pou evite plis dega. Gwo lapli kap tonbe sou komin lan rann sikilasyon an paralize depi plizyè jou.

Comments are closed.