Chantye pou konstwi pon sou rivyè Kap Wouj la demare .

928

07-09-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Chantye travay pon konstwi pon sou rivyè Kap Wouj la, redemare ak tout vitès. Aprè yon bon bout tan ki pase nan silans, responsab MTPTC yo ki gen nan tèt li Joseph Angelot akonpanye fim konstriksyon an, deside mete men nan travay pou jete pon an sou rivyè Kap Wouj la, ki tap soufri depi byen lontan.

Selon responsab yo nan ministè TPTC a, yo pral travay arach pye pou satisfè popilasyon an, pwiske yo konnen rivyè Kap Wouj se lè l vle li kite machin travèse, li konn paralize tout aktivite peyizan yo, e rive menm touye moun lè l bouch li long.

Reyalizasyon pon sa pral fasilite zòn solèy leve yo gen plis aksè pou frekante zòn solèy kouche yo, e va gen plis relasyon pwodiksyon ak echanj komèsyal nan rejyon yo.

Comments are closed.