Iregilarite lakoz plis pase 825 sitwayen ki kalifye pou program alimantè PAM nan pa arive anrejistre

929

02-28-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRIboLAND) Anviwonplis pase 825 moun ki ta dwe patisipe nan asistans alimantè Ijans PAM nan, pa arive fè foto e menm anrejistre nan Senlwidinò.

Program sa ki te vize pou asiste plizyè group malere nan Legliz Lachanm Wot ki anwo Sou Fò, nan komin Senlwidinò jounen madi 28 fevriye 2023 a, pat rive delivre akoz inefikasite mekanism sistèm ki an plas yo. Plizyè granmoun ki kalifye pou yon parèy program, pa arive fè foto ak anrejistre.

Yon lòtbò, popilasyon yo kritike konpòtman responsab Enteryè yo, kap gaye pay e ki pa arive metrize livrezon yon pi bon sèvis djanm pou yon seri tigranmoun ki sòti byen lwen nan Wo seksyon an. Se malerezman, non yo nan lis la, men yo pa anrejistre sou sistèm nan.


Comments are closed.