Senlwidinò Inondasyon : Komite Pwoteksyon Sivil ak Lameri prezante rapò pasyèl gwo dega ki anrezistre 13 avril 2026 la.

04/16/2026
Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen mèkredi 15 Avril la, komite Pwoteksyon Sivil ak Lameri nan komin Senlwidinò prezante bilan pasyèl dega ki anrejistre pandan pasaj gwo lapli ki tap tonbe sou depatman an , soti 12 pou rive13 avril 2026 la patikilyèman nan komin Senlwidinò.
Selon done ki kolekte pou vil Senlwidinò ak 6 seksyon kominal, yo anrefistre : 34 kay ki detwi , 95 lòt andomaje , 5763 kay inonde , 6 moun mouri ak 6 lòt ki disparèt, 401 tèt bèt mouri, 1597 jaden devaste. N.B. Pi gro sant medikal komin lan, lopital Otrichyen inonde epi andomaje, 2253 chòp tonèl detwi nan mache Rivyèba, san konte machandiz ki gate andedan depo yo.
Komite Pwoteksyon Sivil nan tèt kole avèk Lameri ap mande popilasyon an toujou rete veyatif paske lapli a pa sispann tonbe; li enpòtan pou kontinye swiv konsèy ak konsiy otorite yo.
Yon lòt bò Lameri lanse yon apèl solanèl pou yon gran solidarite anfavè tout moun ki viktim nan katastwòf natirèl sila.






