Ariel Kanpe an kwa pou sitwayen ayisyen yo pa sikile anndan peyi manm Kominote Karayib yo apati mwa mas 2024

170
0
Share:
TRiboLAND

Genyen 15 peyi ki fòme Kominote Karayib la tankou:  Ayiti, Babad, Bahamas, Beliz, Dominik,  Grenad, Guyan, Jamaïk, Monsera, Sen-Kit-e-Nevis, Antigwa e Babuda, Sent-Lousi, Surinam, Sent-Vinsan e Grenadinn. Latriye peyi sila yo gen pou objektif bay jarèt lyen zanmitay ant diferan eta yo nan rejyon an, pou fasilite yon echanj komèsyàl (mache) ki pwòp antre yo menm.

Konsa, tout sitwayen ki konpoze peyi manm yo nan kominote Karayib la kapab sikili lib e libè nan nenpòt peyi sila yo apati mwa mas 2024 la.

Kidonk, avèk anpil etonnman, fas ak yon parèy inisyativ, PM PHTK Ariel Henry ki tap patisipe nan somè Kominote Karayib la nan Trinidad, ta kanpe ankwa; li konplètman opoze pou Ayiti pa patisipe nan yon parèy demach sou pretèks, peyia an kriz, daprè jounal jamayiken “The Gleaner”.

Sepandan, genyen yon lòt vèsyon ki ta estime ke se KARIKOM menm ki chwazi pa konsidere Ayiti, tankou yo te toujou fè sa akoz sityasyon kriz pèmanan peyi a.

Share:

Leave a reply