Endividi ame moun pa rive idantifye antre nan plizyè kay moun nan komin Wanament

276
0
Share:
TRiboLAND

03-26-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Yon gwoup malfra sangwen ke pèson pa rive idantifye antre fè dapiyanp lakay plizyè moun nan zòn Vilajj Desalin pandan sware 26 mas 2023 a, nan Wanament.

Zòn vilaj Desalin touprè avni Kriswa se te sib endividi san fwa ni lwa, arive travèse antiraj e penetre san onè anndan plizyè kay moun. Selon enfo yo, yo brote ale ak divès bagay san oken rezistans.

Nap raple, akote nan rantre kay moun e fè piyaj, depi kèk jou ensekirite a ap pran chè nan yon lòt fòma nan vil Wanament ,kote divès travayè kodevi kap leve 5 kè nan maten pa sispann viktim anba men nèg ak zam.

Share:

Leave a reply