Lapolis nasyonal debloke Santral Tèminal Vare a.

808


05 – 02 – 2024

Pòtopwens, Ayiti___(TRiboLAND) Santral Tèminal Vare a ke bandi sanfwa te bloke depi plizyè semèn debloke ak konkou lapolis nasyonal la jedi 02 me 2024 la pou fasilite tout konsomatè jwenn bon jan sèvis atravè peyi a.

Depi plizyè jou se nan gwo difikilte pou chofè otomobil, motosiklèt ak machin jwenn yon ti kiyè gaz sou twotwa Channmas akòz gang ame yo te bloke ni antre ni sòti Santral Vare a menm tank yo pat gen gaz pou alimante kliyan yo.

Lapolis pran detèminasyon fwasa pou libere tout zòn bandi sangwen ta konprann ki se pwopriyete pèsonèl yo. Popilasyon an manifeste kè kontan yo paske tout chay ki lou nan peyi sa a se ti konsomatè yo ki pote yo.

Comments are closed.