Avoka Bawo Pòdpe a leve kanpe kont Jij Andal Jean Baptiste apre arestasyon Mèt Romel Maurasse

228
0
Share:
TRiboLAND

09/04/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo tansyon leve nan mitan avoka ki fè pati Bawo Pòdpe a aprè Jij Andal Jean Baptiste, Jij de syèj ak Jij Enstriksyon nan Tribinal Premye Enstans Pòdpe a, ta fè arete Mèt Romel Maurasse. Aksyon sa a pwovoke gwo reyaksyon bò kote plizyè Avoka, ki di yo pa dakò ak fason dosye a ap dewoule.

Daprè enfòmasyon ki disponib, arestasyon Mèt Romel Maurasse la rive nan yon moman kote avoka yo te reyini nan yon asanble jeneral epi Mèt la t ap vin patisipe. Nouvèl arestasyon sa kreye yon mouvman revòlt pami Avoka yo, ki te manifeste dezakò yo fas ak desizyon Jij la. Sitiyasyon an mete plis tansyon nan relasyon ki genyen ant kèk manm Bawo a ak Jij Andal Jean Baptiste.

Ka sa a vin pi sansib toujou, paske daprè enfòmasyon yo, Mèt Romel Maurasse ta vin dezyèm avoka Jij Andal Jean Baptiste fè arete nan espas prèske yon lane. Sa soulve anpil kesyon nan mitan pwofesyonèl dwa yo sou rapò ki genyen ant majistra a ak kèk manm Bawo Pòdpe a, ansanm ak fason pwosedi jidisyè yo ap aplike nan ka sa yo.

Pou kounye a, reyaksyon avoka yo montre dosye a kapab pran yon lòt dimansyon nan jou k ap vini yo. Atansyon ap rete fikse sou pozisyon Bawo Pòdpe a, sou desizyon otorite jidisyè yo, ansanm ak tout eksplikasyon ki kapab pote plis limyè sou sikonstans ki mennen nan arestasyon Mèt Romel Maurasse la, ki trouve l nan gadavi komisarya Pòdpe a.

Share:

Leave a reply