Nan yon operasyon douvanjou ak sanzatann, fòs lòd yo arete yon krèy “bandi timoun” nan vil Pòdpè

236
0
Share:
TRiboLAND

12\13\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Fòs lòd yo nan depatman Nòdwès peyi a pa sipann miltipliye pouswit dèyè bandi yo sitou nan kàd “operasyon zero tolerans” ak “annafè pa dòmi di a.”

Konsa, nan lanwit madi pou rive mèkredi 9 desanm vè 1:00 nan maten, fòs lòd yo ki te akonpanye Komisè gouvènman Mèt Jean Volny Bellamin arrive mete anba kòd yon krèy bandi timoun ak zam nan men yo nan vil Pòdpè.  Non bandi yo se: Noel Wolsonder, Ducasse Jacquelin, Joseph Rolando, majuste Eladson, Benson Estervenson, Jean Kerson, Walnes Edouard, Pierre Wilkensley, Joseph Wilkensley ak Jean Stevenson.

Paralèlman lapolis arrive mete men sou yon bandi ki pote non, Jean Charles Edysson. Lapolis arete’l nan yon lokalite ki pote non Bono ki lokalize a kèlke kilomèt vil Sen Lwi Dinò. Yo akize Edysson dèske li enplike nan zak brakaj ak vòl men ame, daprè yon sous otoritè. Yon lòt kout sènay te gen pou wè egalman avèk yon lòt bandi ki se: Prospère Renaud pou brakaj, zak eskanmòtè de men anlè nan Sen Lwi Dinò.

Nap raple majorite “bandi timoun” ke yo jwenn nan vil Pòdpè a, yo tout gen paran yo kap mande charite devan Katedral Imakile Konsepsyon an nan site Kapwa Lamò a. Men, pou Edysson ak Prospère, se pa premye fwa ke yo jwen arestasyon yo nan Nòdwès.

Share:

Leave a reply