PNH lage koukouwouj an pèmanans dèyè gang yo, alòske chèf gang “Kraze Baryè”, Vitelhomme ap miltipliye masak ak bwile moun tou vivan

1,419

03-23-2023

Petyonvil, Ayiti____(TRiboLAND) PNH lage lago lago tisangle dèyè gangs yo atravè kapital la nan dènye 24 èdtan sa yo. Operasyon Tònad pran yon vèsyon koukouwouj dèyè bandi yo kap simen laterè atravè yon seri krim odye ke moun pat konn wè je klè.

PNH anonse, li lage yon pouswit pèmanans dèyè bandi nan diferan pwen estratejik tankou: Wout Frè, Pènye, Tòsèl ak Taba ki se basyon kriminèl Vitelhomme, daprè sa responsab PNH yo ta fè konnen.

Pou otorite yo, dènye operasyon sènaj ke yap chèche genyen an, yo trè ankourajan. Yo menm pèmèt yo deblokaj yon seri koulwa ki fasilite repriz aktivite transpò yo, patikilyèman nan zòn Akademi Nasyonal Polis la.

Comments are closed.