Minis travo piblik la reyaji fas ak gwo pwoblèm enstitisyon EDH la ap konnen depi yon bon bout tan.

921

230 milyon goud disponip pou apeze kolè anplwayè EDH yo, se entèvansyon minis travo piblik ak kominikasyon an, Rosemond Pradel.

07-07-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ki rann piblik jounen jedi 06 jiyè 2023 a, #1 ministè travo piblik transpò ak kominikasyon an, Ing Rosemond Pradel, fè konnen EDH ap konnen yon sityasyon difisil, sa ki lakòz yo pa ka kolekte ase lajan posib pou peye anplwayè yo.

Kòm pwoblèm li soulinye, kantite moun kap pati kite lakay yo pou kòz ensekirite, yon sityasyon ki lakòz EDH pa ka rantre lajan e menm lakòz, majorite kontè yo fin kraze.

Fas ak sityasyon difisil sa a, #1 travo piblik la, ki se yon bon kòkòday Ariel Henry, fè konnen, yo mete yon chèk 230 milyon goud disponib pou peye anplwayè Pelig yo ki, depi sèmen pase a tanmen yon grèv blackout.

Comments are closed.