Aprè trant sis mwa blackout responsab EDH yo ap fè similak pou redemare twa motè.

331
2
Share:
TRiboLAND

01 – 04 – 2025

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè trant sis mwa vil Jeremi ap naje nan blackout san parèy, direktè jeneral Elektisite Dayiti a,voye dizwit mil galon gaz, pou alimante motè yo e redemare ak kouran an nan kòmansman ane 2025 lan.

Nouvèl yo fè eta sou yon ansanm konsta majorite klyantèl EDH ak manm popilasyon an fè, patikilyèman sou absans kontè ke anpil rezidans yo pa genyen akòz move tan ki pote yo ale. Ajoute sou sa, kèk moun ta sispèk se yon jwèt mache prese similak, ki ap ale vit ak travay la pou tronpe moun pi devan.

Antouka, pou sove Larepiblik, abòne yo ak manm popilasyon an, mande direktè rejyonal biwo EDH la, pou pran san li pou remanbre tout fil elektrik ak pase bonjan men nan rezo a avanm menm yo pase kle. Konsa, yon parèy inisyativ kapab sove lavi e pwoteje vil Jeremi anba flanm dife.

Share:

2 comments

Leave a reply