Pòdpè / Jistis : Me Alangue Valbrun prete sèman kòm Sibtiti Komisè

3,505

Lendi 6 Jen 2022

Devan Jij Desravines Kepler, Jij Jean Baptiste Andal, Jij Durosier Fresnel ak Jij Ronel Gelin (Jij Kou Dapèl) envite spesyal, Me Alangue Valbrun ki te Chajèd Misyon prete sèman kòm Sibtiti Komisè nan Pakè Pòdpè a jodi lendi 6 jwen 2022.

Me Alangue Valbrun



Me Ronel Gélin ki te ansyen Doyen Tribinal la, te pran laparòl ak anpil endinyasyon pou deplore eta jiridiksyon an, ak deriv santi kri kap pase ladan’l. Aktyèl Jij Kou Dapèl la di, si Avoka fache ak Paketye yo, se paske bagay yo ap mal mache. Me Ronel kontinye pou’l di, nan 18 jiridiksyon an, Pòdpè te konn plase nan premye ran, jodia li pa konn nan ki kategori li ka plase-l. Ak yon ton fache, li mande mesye yo pran men yo. Jij la mande jistisyab yo, pou yo sispann kontribye nan zak koripsyon yo, paske si pa gen koriptè, pap gen konwonpi. Jij Ronel Gélin rabat pou’l fini : “li konnen konpetans Komisè a.i Pakè a, li dwe travay pou bay rezilta, men pa travay pou fè siperyè yerachik li plezi.

Nouvo Sibtiti Komisè a bò kote pa-l, deklare “zewo tolerans”. Li ale pi lwen pou di, se 2 kote ki rezève pou bandi: simityè ou prizon si yo kolabore. Nouvo Sibtiti a kontinye pou’l di, “tout moun ki nan konplisite ak bandi, yo se bandi; machin ki pot bandi, batiman ki pot bay pou bandi, yo se bandi”. Jan li te konn fè nan premye pasaj li nan Pakè a, kare li ap toujou rete louvri, li pat nan koripsyon e li pap nan koripsyon. Parapò ak jan Ensekirite a ap galope a, lapolis ak lajistis pa dwe nan danse kontredans, men pito konpa ki se yon dans kolesere, siyn kolaborasyon pou bay bon jan rezilta.

Komisè a.i Pakè Pòdpè a, swete nouvo Sibtiti a byenvini, pandan li pral bay bon jan kolaborasyon sitou nan zafè detansyon prevantiv prolonje.

Me Gamas Estimond te pale nan non Bawo a, li souliye zafè Jij ak Komisè kap lage bandi nan prizon, yon bagay ki kontribye nan moute ensekirite a nan depatman Nòdwès la. Li fini pou di, Komisè ak Sibtiti pa ka nan zafè tè, mesye dwe sispann ak vyolasyon Dwa moun ak enjistis nan jiridiksyon an.

Comments are closed.