Bandi nan depatman Latibonit lan, fè anpil gwo dega, kèk èdtan avan enstalasyon nouvo komisè polis jiridiksyon Sen-Mak la.

1,050

Yon chofè machin mouri epi pase anba gwo flanm dife, yon machin kankannen rapye tè, san konte divès lòt moun ki kidnape, se bilan zak malonèt bandi Savyen yo, nan lokalite Kafou Pèy.

07-06-2023

Sen-Mak, Ayiti____(TRiboLAND) Bandi yo nan lokalite Savyen, montre yon lòt fwa ankò yo pa vin pou lapè. Nan kèlke kèk minit avan enstalasyon nouvo komisè polis jiridiksyon Sen-Mak la, gwoup gang kriminèl Savyen yo, anvayi Kafou Pèy; yo touye yon chofè machin, kankannen yon machin rapye tè, san konte divès lòt moun yo kidnape.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, fè konnen, malgre direktè depatmantal polis branch Latibonit lan te deloje baz UDMO a, e mete l kèlke mèt ak Kafou Pèy, sa pa anpeche malfwa yo kontinye ak seri zak malonèt yo.

N’ap raple ou, se pa jodi a, gwoup gang ki pote non “Gang Savyen” an, ap teworize popilasyon Latibonit lan, touye polisye, malerezman lapolis pa ko janm ka jwenn bout yo.

Comments are closed.