Responsab SDPJ/NO yo founi popilasyon an esplikasyon aprè yo te fin tande 67 chofè moto, ajan UDMO yo te fin fouke pou tèt nivo enplikasyon yo nan antènn reselèz ak gang Tibwadòm.

986

09-10-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Aprè anviwon 2 jou chofè motosiklèt Haojin yo te fin pase nan SDPJ/NO la, finalman otorite jidisyè yo deside rann piblik san pèdi tan rapò chita tande yo te genyen ak chofè yo.

Sou anviwon 67 chofè motosiklèt ajan UDMO yo te fouke pou tèt nivo enplikasyon yo nan gang Tibwadòm nan, yon lokalite ki twouve li ant Awondisman Gwomòn ak komin Basen-ble; otorite yo nan SDPJ branch Nòdwès la, rive libere 48 nan yo, epi 19 lòt ap ranje kò yo pou y al founi esplikasyon nan pakè Pòdpè a. Annafè li sila yo ap genyen pou yo demele yok on Mèt jan Jak pou founi esplikasyon sou kòd lonbwit yo ak gang gwo koure yo kap teyorize popilasyon an nan zòn Tibwadòm.

Yon lòt bò, dapwè enfòmasyon direksyon depatmantal polis branch Nòdwès la, rive founi bay sal nouvèl redaksyon TRiboLAND, 55 motosiklèt anjan polisye yo te konfiske yo, pou koulya deja parèt pwent tèt yo nan sèvis sikilasyon pou swit legal yo.

N ap raple’w toujou, dapwè sa direksyon depatmantal polis branch Nòdwès la rive kominike bay piblik la, sou chak 5 moun chofè moto yo mennen bay gang yo, y’ap benefisye yon motosiklèt tou limen e tou nèf.

Comments are closed.