Vis delege awondisman Valyè a, Jocelyn Louis kore 100/100 jounen dèy nasyonal la nan memwa prezidan Jovenel Moïse

852

07-06-2023

Monben-Kwochu, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou vis delege awondisman Valyè a, Mesye Jocelyn Louis akòde radyo Canarie FM jounen jedi 7 jiyè 2023 a, deklare jounen 7 jiyè a pa dwe yon jou konje, men pito yon jounen dèy.

Vis delege Jocelyn Louis ki tap patisipe nan jounal expres 7, fè konnen li pa kapab fè anyen pou prezidan an jwenn jistis, sepandan se mache l’ap mache klewonnen mesaj la nan radyo ak televizyon. Vis delege a mande pou responsab nan lajistis yo tande moun ki nan prizon yo pou konnen vrè koupab yo.

Nap soulinye, ansyen senatè Wanique avèk ekip li, bay zanmi jomo yo randevou pou demen vandredi 7 jiyè a nan Otwou nan yon mès senbolik, nan kad dezyèm anivèsè asasinay prezidan Repiblik Dayiti a, Jovenel Moise.

Nan okazyon an, yon latriye aktivite prevwa òganize nan rejyon Gran Nò a, patikilyèman Otwou avèk Okap Ayisyen.

Comments are closed.