4 moun mouri pami yo yon polisye nan moman group chèf gang Ti Lapli tap eseye pran tèritwà Maryani

2,264

03/05/2022

Maryani, Gresye____(TRiboLAND) Konfwontasyon vyolant eklate jodi vandredi 4 mas 2022 a ant klik bandi sangwen gwo chèf gang Ti Lapli ak yon seri rezidan nan Maryani. Dapwè popilasyon zòn nan, se ta gwoup sangwen an ki tap eseye fè manèv pou pran kontwòl komin Kafou ak Gresye.

Nèg Ti Lapli yo arive dekapite anba kout manchèt Markenson Bontemps, polisye 22èm pwomosyon nan PNH la sou oken fòm pwosè. Enfòmasyon yo ta lese konpran ke se paske polisye a tap eseye reziste kont enstalasyon yon nouvo group gang sangwen nan Maryani. Yon lòt vesyon ta fè konnen ke se Ti Lapli menm ki te egzije polisye a desann yon machin sevis transpò e dekapite l.

Tansyon ak endinyasyon tap miltipliye; 3 lòt moun mouri pami yo yon pwezume chèf bandi apwe ke ajan PNH nan komisarya Kafou ak Gresye te afwonte ou repouse san sal yo.

Antouka, gang yo atravè peyi Dayiti pa sispan elaji tèritwà yo, patikilyèman nan zòn sid kapital la ki rann disfonksyonèl plizyè depatman anba je yon gouvènman sangwen ou konplis.

Comments are closed.