PNH : Nominasyon 3 nouvo direktè polis nan nivo depatmantal

2,634

Louis Jameson – 03/10/2022

Pòtopwens____(TRiboLAND) Alatèt Direksyon Jeneral Polis Nasyonal la, Frantz Elbé fè yon lòt pase men estratejik anndan PNH la, patikilyèman nan nivo 3 direksyon depatmantal tankou : lwès, sid ak nòdès.

Jean Bazelais Bornelus ki te komisè divizyonè, se aktyèl direktè depatmantal sid la.
Marc André Cadostin ki se te Yon komisè divizyonè pran kòmand direksyon depatmantal nòdès la;
anwsuit, komisè prensipal Wesmann Desmangles, nouvo komisè divizyonè ki, anvan, te okipe pòs kòwòdonatè nasyonal nan sa ki gen awè ak polis kominotè.

Anfen, se jodi jedi aprèmidi 10 mas 2022 an, seremoni enstalasyon nouvo direktè depatmantal lwès la, Jolicoeur Allan Serge te dewoule devan plizyè gwo kad ki fè pati enstitisyon PNH la.

Comments are closed.