Plizyè sitwayen denonse fanmiy Siclair ak tout avoka yo kap konplote pou sezi yon espas ki loje biwo imigrasyon Tigwav la.

05 – 31 – 2026
Tigwav, Ayiti ___ (TRiboLAND) Divès sitwayen nan vil Tigwav, nan yon interview samdi 30 me 2026 lan, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse fanmiy Siclair ak tout avoka yo ki vle detèmine pou sezi espas tè ki loje biwo imigrasyon ak emigrasyon Tigwav la.
Sitiyasyon sa a, soulve kòlè bò kote fanmiy Siclair, kote yo estime biwo imigrasyon ak emigrasyon Tigwav la deja tounen yon enstitisyon enpòtan ki deja ap bay rejyon an sèvis. Aloske bò kote rezidan yo, sitwayen yo ki deklare sèvis la pèmèt yo jwen paspò yo san yo pa oblije deplase ale Pòtopwens, sa ki redwi depans ak difikilte pou plizyè fanmiy.
Nan sans sa a, sitwayen yo nan rejyon an, mande otorite yo pou pran bon jan dispozisyon pou pwoteje biwo a kont tout tantativ ak deztabilizasyon.






