Popilasyon an nan komin Jan-Rabèl, aplike nan pwogram “Bwa kale” a, sou yon jèn gason ke yo akize, ki ta patisipe nan lanmò yon lòt sitwayen

762


Jackson Jeanty, pase anba flanm dife nan komin Jan-Rabèl, pou tèt li ta patisipe nan lanmò yon sitwayen, ki pote non Faoul Blanc, nan 3è seksyon Dèsous.


07-05-2023

Jan-Rabèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Popilasyon an nan peyi Dayiti, pa sispann enskri atoufè nan pwogram “Bwa kale” a, patikilyèman sou kèk zèfèyis kifè tèt yo pase pou sèl kòk chante nan mete dlo nan zye lòt moun.

Sè ka pou komin Jan-Rabèl kote, popilasyon an ki te an kolè, nan yon bat je pase anba flanm dife yon endividi ki pote non, Jackson Jeanty, ke yo akize ki ta enplike nan zak lanmò, Faoul Blanc, yon sitwayen pèzib nan 3 seksyon Dèsous, komin Jan-Rabèl.

Kontakte plizyè jounalis nan komin Jan-Rabèl, enfòmasyon yo fè kwè popilasyon an toujou kontinye ap chèche kèk lòt zèfèyis ke yo ta sispèk ki ta patisipe nan zak malonèt sila, yon fason pou enskri yo egalman nan pwogram BK a.

Comments are closed.