Me kèk atik kem relvé nan konstitisyon haytièn 1987 la ke moun ki te pase chèf nan peyi a ak nan KEP yo pa janm aplike yo.

1,896

Me kèk atik kem relvé nan konstitisyon haytièn 1987 la ke moun ki te pase chef nan peyi a ak nan KEP yo pa janm aplike yo.
Lèw fè rechèch sou yo, wa li yo epi wa dekouvri yo pouw wè ke neg yo pa janm aplike yo e si yo te apliké Hayti, chak Depatman yo tap gentan Otonom pou ke Hayti tap gentan yon Repiblik Federal pou devlopman te ka fet pli fasil nan yo.

Me sa kek atik ki nan konstitisyon 1987 la di vré, si moun ki te pase nan tet peyi a ak nan KEP yo pat mechan, Hayti tap lwen jodi a.

Imajinew Hayti kom Eta Initè pap ka kontinyé kenbe ni devlopé peyi ak Sistèm Sosyo Politik Boutèy krazé ki pa ka pyésé a, paske 85% peyi ki ap dirije kom Eta Initè pa rive devlopé, se sel yon Sistem Sosyo Politik Federalis ki ka chanjel ki ap pasé pa Otonomi chak Dépatman yo tankou Atik 77 la dil la.

Si nou al li atik sa yo pi ba a, nap wè ke konstitisyon 1987 la te deja trasé wout pou Hayti te devni yon Repiblik Federal, tankou 28 lot peyi Federal ki gen sou tè a ak plizyè lot ki itilizé menm sistem Sistem Federal la a 80% pou fè lakay yo maché e se ak fòmil sa a ke chak Depatman Hayti tap kapab gran moun tet yo men selman ki tap sou siveyans yon Gouvenman Federal.

Me sa moun ki te pasé nan tèt peyi a ak moun ki te pasé nan tout KEP yo pat ka fè a e pat janm fè ki bloké peyi a, mwen envité nou al li atik sa yo, nap jwenn verité yo.

Donk Hayti pa vreman gen problem Konstitisyon men pito problèm aplikasyon konstitisyon an ki ap mandé selman yon ti pase men nan kek atik epi san pwoblem :
1) Atik. 64; 66; 67.

2) Atik. 73; 77; 78;

3) Atik. 80; 81; 82; 87; 87.1; 87.2; 87.3; 87.4; 87.5

3) Atik. 98.1

4) Atik. 175

5) Atik. 190 bis 1; 191; 192;

6) Atik. 217; 223.

Kek nan Atik sa yo plis pale sou kokektivite teritoryal, desantralizasyon ak ki jan depatman yo ak peyi a ta dwé jere. Movèz aplikasyon Konstitisyon 1987 la lakoz peyi a ap soufri jodi a. Kalé zyé pou nou fè apliké yo, donk Konstitisyon an pa bezwen chanjé selman modifyé kek atik pou nou adapté nou a epok ke nou ye la a, poun rivé chanjé Hayti.

LOU EVANS ARNE

Comments are closed.