Plizyè bato lagè chinwa antre nan vil Lagos, Nijerya

947

07-03-2023

Lagos, Nijerya__(TRiboLAND) Plizyè gro bato lagè chinwa antre nan vil Lagos, Nijerya; yon vizite ki montre a ki pwen Peken avèk Abuja kenyen bon konkòday.

Nan yon kominike ke li pibliye, anbasadè peyi Lachinn ki nan Nijerya, Cui Jianchun, esplike yon parèy evenman montre a ki pwen relasyon sio-nijeryèn nan ap vale teren. Mesye Jianchun, ale pi lwen pou li deklare “nivo degree konfyans mityèl politik kap degaje ant 2 peyi yo; yon zanmitay kap genyen anpil enpak sou devlopman”.

Bò kote pa li, marinn nijeryèn ki genyen nan tèt li kont-amiral JD Akpan ekspwime volonte pou yo travay nan tèt kole avèk Lachinn, nan kad pou konbat ensekirite maritime ak estabilite nan golf Gine a.

Nap raple, nouvo pò Lagos la te konstwi avèk asistans peyi Lachinn ki genyen zantray li nan sosyete kap jere enstalasyon an.

Comments are closed.