Eden Berandoive ki se yon natif natal peyi Dayiti, kouwòne kòm Miss Entènèt ak Elegans nan Konkou Miss Panamerikènn Entènasyonal 2019 la.

136
0
Share:
TRiboLAND

Meksik__(TRiboLAND) Se ayè samdi 2 Novanm 2019 la, nan Guadalajara nan peyi Meksik responsab Konkou Miss Panamerikènn Entènasyonal 2019 la te pwosede ak kouwònman Miss Panamerikènn Entènasyonal pou ane 2019 la,ki se Tatiana Valverde Brenes de Lisbeth ki se yon natif peyi Costa Rica; alòske, Eden Berandoive ki genyen 23 lane, e ki se dofen Miss Ayiti 2018, te arive dekwoche yon kouwònn tou nan kategori ”Entènèt” avèk “Elegans.” Eden ki te fè pati 8 finalis nan gwo konpetisyon sa ki te genyen yon pòte trè onorifik.

Eden Berandoive

Pandan seremoni an, Eden Berandoive ki te genyen sou li yon kostum enpwesyonan ki se kout zouti Harry Lafond an Ayiti, te pwofite bay omaj a “Rènn Anakaona,” ki pase nan listwa kòm youn nan pi bèl fanm kokèt peyi a ki tap batay kont fòs anvayisè espanyòl yo sou gouvènman Nicolás Ovando yo nan Yaguana (Leogane) nan lane 1504.

Berandoive ki pwan nesans nan Vil Aquin, genyen yon lisans nan kominikasyon. Li fè fyète pèp Ayisyen an nan yon moman kote ke peyi Dayiti ap pwan sakad sosyo politik.

Share:

Leave a reply