Prezidan tranzisyon Boukina Faso a, kapitèn Ibrahim Traoré, opera chanjman nan Wo kòmandman militè a

1,058

07-03-2023

Genyen chanjman ki opere nan Wo Kòmandman militè Boukina Faso a, nan objektif pou amelyore feblès sekirite nan kad pare tout kou zak teworis yo ki kòmanse ap moute balkon.

Dapwè yon rapò ajans près Sputnik ki fè mansyon yon dekrè ki sinye 30 jen dènye, genyen 5 nouvo kòmande ki pran tèt 8èm, 9èm, 10èm, 11èm ak 12èm bwigad entèvansyon pap padap yo, ki se BIR. Yon latriye fòs sekirite ki la pou defann entegrite tèritoryàl la ak asire eskòt gro konvwa lojistik yo.

Genyen plizyè lòt nominasyon ki efektye. Anpil ofisye te pwomèt pou yo nome nan nivo “chefs de corps” nan divès inite militè, tankou 34èm rejiman entè-zam, batayon transmisyon stratejik zam yo, e egalman 23èm ak 33èm rejiman enfantri kòmando.

Comments are closed.