Solidarite pou Job Debre, yon jèn pwofesè Pòdpè k’ap lite ak yon timè nan vizaj li

281
0
Share:
TRiboLAND

04/03/2026

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon lòt ka ijan ki nesesite mobilizasyon ak solidarite kominote Nòdwès. Jèn gason Job Debre, ki se sosyològ ak pwofesè lekòl nan Pòdpè, ap soufri ak yon timè nan vizaj li depi plizyè ane. Sitiyasyon sa a rive nan yon moman kote anpil moun sonje gwo mouvman sipò ki te fèt pou Pierre Johnly Muller (PJM), yon ka ki te make lespri popilasyon an kòm yon bèl egzanp solidarite ak reyisit.

Daprè enfòmasyon Doktè Berly Geneus pataje sou paj Facebook ofisyèl li, Job Debre pa ta renmen maladi a rive nan menm nivo gravite ak sa PJM te genyen an. Konsyan de ijans sitiyasyon an, li te pran bonè pou lanse yon apèl bay moun Nòdwès yo ak tout moun ki gen bon kè pou akonpaye l nan batay sa a. Menmsi kèk fanmi deja ap ede l, jèn pwofesè a fè konnen mwayen sa yo pa sifi pou kouvri tout depans medikal ki devan li.

Doktè Berly Geneus esplike ke, apre yon konvèsasyon ak jèn anseyan an, li te konseye l antre Pòtoprens san pèdi tan. Se konsa, mèkredi 1e avril la, Job Debre te rive nan kapital la. Menm jou a, yo te pran dispozisyon pou yon chirijyen evalye ka a, yon premye etap enpòtan pou konprann gravite timè a ak defini demach medikal ki dwe swiv.

Selon Dòk la, plizyè egzamen medikal pral fèt nan jou k ap vini yo. Se apre rezilta sa yo ke ekip medikal la ap kapab detèmine kantite lajan operasyon an ap mande. Pandanstan, yon apèl klè lanse bay tout moun ki vle ak kapab pote sipò yo pou ede jèn sosyològ sa a jwenn swen li bezwen yo.

Jan sa konn fèt nan ka solidarite yo, gran piblik la ap rete enfòme sou tout chanèl ki disponib pou pote kontribisyon ak soutyen pou Job Debre, yon jèn pwofesè k ap fè fas ak yon maladi ki mande aksyon rapid ak solidarite kolektif. N ap rete konekte ak Doktè Berly pou plis detay, pandan n ap raple popilasyon poko gen oken demand ki kòmanse fèt pou yon parèy entèvansyon.

Share:

Leave a reply