Mouvman grèv anplwayè EDH yo nan nivo Pelig, plonje yon bon pati nan peyi Dayiti nan blackout.

927

Anplwayè EDH yo nan nivo Santral Idwoelektrik Pelig kanpe travay, se konsekans mouvman revandikasyon 6 mwa travay yo.

07-02-2023

Ench, Ayiti_____(TRiboLAND) Anplwayè yo nan depatman Sant peyi Dayiti nan nivo Santral Idwoelektrik Pelig, redemare ak mouvman revandikasyon yo. Konsa, sa lakòz depi plizyè jou, majorite zòn Pelig alimante yo, blayi nan yon blackout san parèy.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal nouvèl redaksyon TRiboLAND fè konnen, anplwayè EDH yo nan nivo Pelig, reantame mouvman grèv la, se jis pou fòse Leta ayisyen peye yo 6 mwa travay yo.

Pou rezoud pwoblèm blackout la, anplwayè yo fè konnen, yo pap negosye 2-3 mwa ak Leta, ni yo pap retounen travay san ke Leta pa deside peye yo tout mwa travay yo.

Comments are closed.