IGgEP klotire dènye jounen 4èm edisyon senpozyòm li yo nan sal Pawasyal katedral Pòdpè a, ak anviwon 7 panelis.

558

08-19-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan prezans plis pase 200 patisipan, Enstiti Jesyon, Gouvènans ak Etid Piblik, ki genyen nan tèt li ansyen depite Déus Deroneth, pwofesè nan divès fakilte nan kapital la, nan tèt kole ak yon ekip dinamik nan Nòdwès peyi Dayiti, pami yo ansyen depite, Astherne Jean, pwofesè nan plizyè fakilte nan Nòdwès, ta pral klotire dènye jounen senpozyòm yo a, sou bòn gouvènans, jounen samdi 19 dawou 2023 a, ak anviwon 7 entèvenan ki ta pral pataje divès panel diferan.

Entèvenan yo se:
1-Madam Marie Arnèse, komisè nan kou dapèl Gonayiv, ki ta pral pale sou: “Intégration de la femme vers la bonne gouvernance”.

2-Astherne Jean, environnement et bonne gouvernance quelle relation?

3-Rev. Père Ricardo Dieujuste, “Le rôle de la religion dans la bonne gouvernance”.

4-Madam Katia P.Louis, “Gouvernance et développement économique en Haïti”.

5-Mirlène Darius, “La cérémonie du Bois-Caïman dans le contexte politique actuelle”.

6-Pekenson François, “Économie sociale et solidaire, une alternative pour le développement local en Haïti”.

7- Déus Deroneth, “La gouvernance et la section communale une alternative pour développer Haïti”.

Pou kòdonatè IGgEP la, ansyen depite 50èm lejislati a, pwofesè Déus Deroneth, objektif 2 jounen senpozyòm nan, se fòme, sansibilize jenès peyi Dayiti, sou enpòtans ak entegrasyon Kolektivite Tèritoryal yo, yon mannyè pou rann efikas bòn gouvènans y’ap pwone a.

Comments are closed.