Wachennton: OEA kondane deblozaj ou atak ki fèt kont Sena a

261

01/06/21

Wachennton____(TRiboLAND) Òganizasyon Nasyon Tèt Kole (OEA) yo kondane deblozaj fanatik Donald Trump yo afiche nan Wachennton jodi mèkredi 6 janvye 2021 an.

Li raple ke endepandans pouvwa politik yo se yon veritab poto mitan pou demokrasi e yo plede pou genyen yon retou a lòd nan Wachennton. Sekretè Jeneral OEA a kondane e voye jete atak manifestan yo fè fèt kont enstitisyon paske yo dezaprouve rezilta eleksyon prezidansyèl yo. Nou mande prese prese retou yon nasyonalite endispansab ak yon desizyon definitive sou prosesif elektoral la jan konstitisyon yo ak prosedi enstitisyonèl yo rekòmande sa,” daprè yon nòt ki pote sinyati Luis Almagro.

Comments are closed.