Komisè gouvenman pakè jiridiksyon Jeremi an, kite akonpaye lapolis realize yon vizit enspeksyon nan ponp gaz yo nan vil Jeremi.

239
1
Share:
TRiboLAND

01 – 03 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou konbat mache nwa ak raketè sou kesyon gaz sou mache lokal la nan Jeremi, komisè gouvenman pakè jiridiksyon Jeremi an, Mèt Jean Marie Gaetjeens Alexandre, ki te akonpaye yon brigad UDMOGA, realize yon vizit enspeksyon sanzatann nan divès ponp gaz nan Jeremi jodi vandredi 3 janvye 2025 lan.

Daprè komisè gouvenman an, vizit sa yo enskri nan kad batay pou fini ak mache nwa a moun yo ap fè nan sosyete a. Komisè Jean Marie Gaetjeens Alexandre, nan vizit sila te egzije responsab ponp yo louvri sitèn yo, yon fason pou gade ak je’l, eske se vre pa genyen rezèv gazolinn, ponpis yo sere pou alimante mache nwa a nan kò popilasyon an apati mache enfòmèl lan.

Kanta machann kap vann gazolinn, dizèl sou plas piblik yo, devan komisarya, pakè, bank yo e nan santvil Jeremi an, genyen yon delè jiska lendi pou fini ak mache enfòmèl yo; si non komisè gouvenman pakè jiridiksyon Jeremi an prèske sèmante e bay garanti leta ap pase an aksyon kont tout machann rebèl ki pa respekte la lwa.

Share:

1 comment

  1. Hugo Demel 3 March, 2025 at 06:32 Reply

    A formidable share, I just given this onto a colleague who was doing a little bit analysis on this. And he in fact bought me breakfast because I found it for him.. smile. So let me reword that: Thnx for the treat! However yeah Thnkx for spending the time to debate this, I really feel strongly about it and love reading extra on this topic. If possible, as you become experience, would you thoughts updating your blog with extra details? It is extremely useful for me. Massive thumb up for this weblog submit!

Leave a reply