Materyèl militè ke gouvènman ayisyen an te kòmande ta sanble yo nan wout pou antre demen samdi a nan Pòtoprens.

1,366

10-14-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon bon valè nan lo materyèl ki te kòmande pou PNH la ta sanble antre sou tèritwà nasyonal la demen si kè Papa Bondyé kontan. Enfòmasyon yo fè eta de yon korespondans Alatèt operasyon H.A.T. Ederson Benjamin Sylvestre voye bay direktè ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a, Ducamel François ke gouvènman kanadyen pare pou li delivre kòmand materyèl militè yo bay gouvènman ayisyen an pou mete granmoun sou polis nasyonal la.

Antouka, akoz mouvman gang kap pran ekstansyon anndan peyi Dayit, anpil laperèz te kreye anpil kontrovès ak foustrasyon sou yon parèy kòmand ant peyi Dayiti ak Kanada. Se sa ki te fasilite entèvansyon anbasadè kanadyen an, Sébasyen Carrière nan objektif pou klarifye yon seri bagay ki pat klè sou parèy acha. Carrière te profite lonje dwàt jouda sou yon seri antite ki tap profite kreye katchouboumbe ant peyi dayiti ak peyi Kanada.

Antouka, aprè ke konpayi Jeppesen tef inn jwenn otorizasyon Fòs Ame Kanada a, kòmand ekipman militè say o ki genyen plizyè blende ak lò zouti lanmò, ap genyen pou rive nan peyi Dayiti, demen samdi 15 oktòb 2022 a, daprè sa ki konfime nan korespondans lan.

Comments are closed.