Fondasyon TRiboLAND ateri nan awondisman Mol-Sennikola, pou lanse 2 jounen fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodwi chimik.

749

Premye ak 2 jiyè, lekòl nasyonal “La Découverte” nan vil Mol-Sennikola, pral akeyi 2 jounen fòmasyon gratis sou fabwikasyon pwodwi chimik.

06-24-2023

Mol-Sennikola, Ayiti____(TRiboLAND) Nan sousi pou goumen kont delenkans jèn yo kap taye banda depi dig-dantan, ak nan lide pou diminye fenomèn ensekirite a, nan 10 depatman jewografik peyi Dayiti, Fondasyon TRiboLAND deside distribye yon latriye fòmasyon, pami yo : fòmasyon sou fabrikasyon pwodwi chimik gratis nan awondisman Mol-Sennikola, k’ap gen pou demare nan dat premye ak 2 jiyè k’ap vini la.

Pandan 2 jounen fòmasyon sa yo, responsab yo konte resevwa plis pase 100 patisipan, ke y’ap gen pou sòti nan divès kwen nan vil Mol-Sennikola, san konte sila yo ki deja enskri kap sòti nan divès seksyon kominal.

Patisipan sa yo pral aprann fabrike plizyè pwodwi chimik tankou : savon ak krèm eklèsisant, savon likid, fabouloso, esans, chanpou, pomad vazlin, pafen lwil ak pafen dlo, vinèg, mistolin, poun site sa yo sèlman.

Pou reponn ak egzijans 2 gran jounen seminè sa yo, Fondasyon TRiboLAND deja mete disponib yon estaf pwofesyonèl byen kalifye k’ap gen pou akeyi patisipan sa yo, nan vil Mol-Sennikola, patikilyèman nan lokal lekòl nasyonal “La Découverte” la.

Comments are closed.