Jeremi ap pran gro frap ensekirite, alòske li livre a li menn sèl.

1,034

03- 26- 2023

Jeremi-Ayiti (TRiboLAND) Jeremi chèflye depatman Grandans lan, vil ki genyen yon fòt aglomerasyon moun kap viv ladan l, se alafwa sant komèsyal depatman Grandans lan, men, ki konplètman livre a tout zak ensekirite tankou asasinay, vol men ame, zak eskanmòtè, vyòl sou fanm ak tifi, kanbyolaj lajounen kou lannwit sou byen prive kou byen leta.

Tout aksyon malonèt sa yo, dapwè temwaye yo nan mikro TRiboLAND, fè konpwann se bandi gran chimen kap rache separe, kraze bwize, ak miltipliye vòl ak krim; yon aji san oken krintif pou kelkeswa moun ki pote non otorite yo nan Jeremi.

Ki donk se Jeremi, kote ke otorite yo demisyone sou fòm reselè, parapò ak atribysyon yo kòm responsab nan leta. Konsa, tout sa bay banbi yo chan lib pou fe krim jan yo vle, kote yo vle ak sou moun yo vle!
Toujou sitoyèn ak sitoyen rete kwè chèf gouvenman an, Doktè Ariel Henry ap di yon mo pou Jeremi ki nan toumant fas ak pwoblèm ensekirite jeneralize a.

Comments are closed.