Lajistis ayisyènn lage yon manda “trennen pote vini” dèyè Fednel Monchéry

1,074

06-23-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Fednel Monchéry, ansyen direktè jeneral Ministè Enteryè, yon prezime koupab nan masak Lasalinn 2018 yo, sou prezidan Jovenel Moise, chwazi pa prezante devan jij enstriksyon Jean Wilner Morin, jodi vandredi 23 jen 2023 a.

Se konsa, aprè ke li finn voye jete envitasyon jij Morin an, nan kad dosye masak Lasalinn lan, jij la deside lage yon manda “trennen pote vini” dèyè prezime kriminèl la ki te fè anpil zafè sou prezidans Jovenel Moise la.

Daprè plizyè òganizasyon kap defann dwa moun; Fednel Monchéry se ta otè entèlektyèl masak 2018 yo. Li responsab lanmò plis pase yon 60 pòv malere ayisyen sou prezidans Jovenel Moise la.

Comments are closed.