Jan sa te anonse, Jean Ernest Muscadin resevwa yon machinn blende pou pwoteksyon li

1,059

06-23-2023

Miragwann, Ayiti____(TRiboLAND) Pou tèt l’ap byen pase, pou sèvis ke l’ap bay popilasyon ayisyèn nan, nan Nip lan, nan nivo sekirite ak elimine aktivite gang, patikilyèman nan komin Miragwann, komisè gouvènman Jean Ernest Muscadin, chouchou anpil ayisyen ki sipòte ekstèminasyon gang anndan jiridiksyon komisè a, resevwa yon machinn blende tou limen, yon bijou kado ki soti bò kote dyaspora ayisyènn nan.

Nan refleksyon pa li fas ak yon parèy jès, komisè Jean Ernest Muscadin pa manke eksprime gratitid li anvè inisyatè ou kominote ayisyèn nan dyaspora a, yon parèy mouvman. Otorite lokal la, resevwa yon parèy jès ak fyète e se egalman yon senbòl “kouraj”.

Muscadin reyite volonte li, pou li kontinye pwoteje sitwayen Miragwann yo, e bay rezilta nan eradike mouvman banditism, kap taye banda.

Nap raple, bijou kado machinn blende ke komisè gouvènman Jean Ernest Muscadin resevwa nan Miragwann, se inisyativ yon jounalis vedèt, Theriel Thelus avèk konplisite ayisyen konsekan e patriyòt nan peyi lòt bò dlo.

Comments are closed.