Businessman André Apaid Jr, pami gwo 3 gwo tonton chèf gang

1,203

06-23-2023

Businessman André Apaid Jr, pami gwo chèf gang (Izo, Lanmò San Jou, Vitelhomme) peyi Kanada sanksyone yo, jodi vandredi 23 jen 2023 a, daprè sa minis Afè Lòt Bò Dlo kanada a, Melanie Joly anonse.

Selon minis la, sanksyon sila yo genyen anpil pou wè avèk koneksyon moun sila y oak sitiyasyon mare senti peyi Dayiti a. Non moun tankou, André Apaid Jr. , Vitelhomme Innocent, Johnson André (Izo) ak Joseph Wilson, ajoute yon grabday nan lis sanksyone peyi Kanada pouk oz vyolasyon dwa moun e pou menm jwèt iyan iyan seksyèl sou moun.

Peyi Kanada deklare, se pa lapenn pou poulen sa yo pile tèritwa lakay li. Anplis, tout tranzaksyon ou sa annafè prezime koupab yo ta posede anndan peyi Kanada, ap sezi.

Nap raple, lajistis ayisyènn ta sanble pa fè swivi ak sanksyone ki sou lis peyi Kanada a; anpil sitwayen ayisyen rete kwè ke yo pat dwe ap pyafe nan sistèm nan toujou.

Comments are closed.