Yon jij federal nan peyi Etazini deklare bay Donald Trump ke li pa genyen otorite pou kraze plat atè USAID

TRiboLAND.com
Yon jij federal Etazini devye plan Donald Trump ak tout kòkòday li, bilyonè Elon Musk pou voye nan kanpe lwen plizyè milye anplwàyè U.S. Agency for International Development (USAID).
Jij Carl Nichols paragrafe yon tanporè òdè pou mete yon ola sou administrasyon Donald Trump lan nan kad voye an disponiblite staff anplwàyè USAID yo e fòse yo antre Etazini nan 30 jou. Pou jij Nichols, yon parèy desisyon riske koze anpil dega ak bouskilad ekonomik pou fanmiy anplwàye sitizen sila yo nan peyi etranje.
Desizyon sa yo antre nan yon moman kote ke administrasyon Trump lan ap miltipliye efò pou redwi plat atè depans operasyonèl USAID yo tankou mete yon bout nan yon seri pwogram ki trè kritik nan peyi lòt bò dlo. Anpil kontraktè, patikilyèman nan Mwayen Oryan an, deklare se gade yo gade ke yo wè yo pèdi tout kominikasyon avèk diferan sistèm operasyonèl enstitisyon an.






