Lapolis arive yon lòt fwa ankò kraze avèk bwitalite yon sit-in kont ensekirite

366

Pòtoprens___(TRiboLAND) Zak abitrè ou britalite polisyè se konsa youn nan responsab regroupman petrochallenger yo ki rele “Nou pap Dòmi”, Solage Pascal kalifye entèvansyon anti-demokratik fòs lòd yo fè maten an nan sit-in ki tap fèt devan ministè Lajistis la ak Sekirite Piblik jodi lendi 6 jwiyè 2020 an nan Pòtoprens.

Sou inisyativ yon group òganizasyon sosyete sivil ayisyènn nan, plizyè protestatè yon lòt fwa ankò te vle revandike dwa yo e denonse klima ensekirite ki mete peyi a tèt anba. Yo vle e yo pap sispann di “oui à la vie”! Pou Solage Pascal, se yon batay manch long, e yo apènn kòmanse ap denonse ensekirite a kap fini ak peyi a.

Konsa, jansa te fèt 29 jwen dènye, lapolis repouse sit-in nan ki te trè pezib avèk britalite, gaz lakrimojènn e pase dwa sitwayen yo anba pye. Se konsa,yon veyikil sèvis leta arive bwile.

Comments are closed.