Sajès Lakay: Renmen yon moun ak satisfè yon moun se 2 bagay diferan

0 415

Yon Manaman ki sansib konnen ke ti pitit gason li ap fè yon seri biznis ki dezagreyab e fwekante delenkan ki repinyan. Yon jou, li gade tout san fwa li e rete konplètman an silans lè li ap obsève ke pitit la ap mete yon seri gwo rad byen chè san konte bijou ki koute tèt nèg. Manman an bay pitit la do, lè li remake tou ke pitit la ap fè li je dou ak gwo sòm lajan kap antre nan kay la.

Finalman, sa te rive twò lwen! Manman an pat kapab supòte ankò lè li te arive jwenn nan yon kote nan kay la kèk rad ki chaje ak san ladan yo ak yon revòlvè. Sa pat pran tan, nan demen byen bonè, li rele polis e li fè yo arete inik ti pitit li a.

Lè travayè sosyàl la ap kesyone manman an e mande l kòman li santi l, li reponn, “Li pi fasil pou mwen pou m vizite li chak semènn nan pwizon an ke ale vizite tonb li nan simityè.”

Trè souvan nan yon seri relasyon, toujou genyen moman kote ke nou dwe fè sa ke nou konnen ki kòrèk ou jis. Si nou renmen yon moun, nou toujou vle wè bon bagay pou li. Li gen dwa pa fè li kontan; sa petèt pa yon bagay ki fasil; men renmen yon moun pa vle di ke ou dwe kite l blese pwòp tèt li. E sa pa vle di ditou ke ou dwe kite l blese ou tou.

Sajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply