Peyi Kanada deside pran sanksyon kont elit politik ayisyèn yo

2,208

11-04-2022

Ontaryo, Kanada_______(TRiboLAND) Peyi Kanada nan tèt kole avèk peyi Etazini deside selon Regleman sou yon seri dispozitif ekonomik ki vize espesyàlman pou peyi Dayi fas ak konpòtman endezirab elit politik ayisyèn nan kap bay gang tete e rann yo operasyonèl, enpoze yon seri sanksyon sible, daprè Minis Afè Lòt Bò Dlo peyi Kanada a jodi jedi 4 novanm 2022 a.

Sanksyon yo vize lonje dwàt sou prezidan ti miyèt Sena, Joseph Lambert ak makrèl li ansyen prezidan Sena egalman, Youri Latortue. Dispozitif sa yo pral entèdi annafè sa yo benefisye ou fè trazaksyon, e konsa, sa ap pèmèt yo jele tout sa reselè sa yo genyen nan peyi Kanada.

Minis kanadyèn nan ale pi lwen pou li di ke yo genyen anpil rezon pou yo kwè ke endividi reselè sa yo itilize senyorite ke yo genyen kòm animal politisyen ou estati ou idantite piblik ke yo genyen pou ap proteje ak fasilite yon seri aktivite gang kriminèl ame, san konte blanchiman lajan ak lòt zak kòripsyon charonj.

Gang sangwen yo, selon anons peyi Kanada a, pa sispan teworize popilasyon an ki vilnerab san enpinite; tout sa okazyone yon kriz imanitè ki fasilite remonte kolera kap vale teren nan peyi a. Pa genyen mo pou dekri zak vyolans gang yo komèt  sou popilasyon ayisyèn nan; kòmanse sou vyolans seksyèl jeneralize rive pou kanpe ankwà pou anpeche popilasyon ki pi defavorize a jwen ti kal sèvis primè, daprè minis lan ki tap depoze.

Dispozitif bare vòlè ak reselè sa yo, genyen pou objektif mete fen kont chay kapital ak zam ilegal kap kapab desann fe rele chalbarik dèyè gang yo. Otorite kanadyèn yo ap genyen pou konsidere lòt sanksyon kont lòt moun ou group moun kap pyafe e finanse gang sou tèren kòm si yo pa responsab. Anpil lòt dispozitif gen pou pran, e se nan kad pou mete presyon sou sa yo ki responsab vyolans ak ensekirite anndan peyi Dayiti.

“Kanada pap rete bwa kwaze e rete gade gang sangwen ansanm ak sa yo kap teworize sitwayen peyi Dayiti. Nap kontinye pase presyon fè cho anba dèyè sa yo ki nan konfyolo ak gang e oblije yo mete yon fen nan zak malfektè yo ap fè si pwòp sitwayen lakay yo. Kominote entènasyonal la genyen yon gro wòl li dwe jwe, e nap fè tout sa ki depann de pouvwa nou pou ede Ayisyen e apran yon seri sangwen respekte dwa moun sa yo, demokrasi ak lapè entènasyonal”, daprè Mélanie Joly ki se minis Afè lòt Bò Dlo peyi Kanada.

Comments are closed.