Ensekirite : Pou yon twazyèm fwa, rezidans Emmanuel Pierre sibi yon lòt atak nan Sans nan Wanament

111
0
Share:
TRiboLAND

10/06/2026

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Bandi sangwen yo pa arive idantifye, atake an chango pou yon twazyèm fwa rezidans Emmauel Nelson nan lanwit samdi pou rive dimanch devanjou maten nan lokalite Sans nan Wanament.

Dega atak la te nesesite entèvansyon rapid konsta yo ki te genyen nan tèt yo, jij depè Renaud Pierre ansanm ak Komisè Gouvènman Wanament lan, Elisma Florvil ak lapolis. Selon dènye enfòmasyon yo, aprè verifikasyon kamera siveyans lakay Emmanuel Nelson, endis yo ta revele ke se yon kòmando ak gwo zam latwoublay ki te vize fè gwo zak ratibwazaj sou tout moun nan kay la.

Antouka, nan moman atak manman penba sila nan Sans, Wanament, 2 moun te arive pran katouch nan moman yo tap deplase kite espas la nan yon machin. Revelasyon yo ta montre ke atak la te genyen plizyè lansman koktèl Molotov ki andomaje yon machinn, baryè ak plizyè vit nan rezidans lan.

Jouska pwezan, otorite yo poko fè sòti oken nòt sou sa ki genyen pou wè avèk koupab ou sispèk ki ta dèyè yon parèy atak ki ta sanble leve yon lòt fwa ankò plim sou do fanmiy ak zanmi Emmanuel Pierre ki pa sispann mande jistis ak sipò legal.

Nap raple, sa se twazyèn atak rezidans Emmanuel Nelson sibi depi lane 2024; alòske otorite yo pa sispann make pwen nan kalewès nan miltipliye ankèt krizokal sou zak vyolans sila yo.

Share:

Leave a reply