Majistra Wananment lan pa pwent pye’l nan rankont majistra Dajábon lan te convoke a

106

09-14-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Majistra Luma Demetriyis boude rankont majistra Dajábon lan, Riberon Santiago te inisye a, yon fason pou te fasilite chita tande ant otorite 2 peyi yo, pou yon yo te antant pou fwontyè a louvri.

Majistra Demetrius Luma fè konnen : “mwen pap chita ak pyès moun ki pral mande pou travay kap fèt sou Rivyè Masak la kanpe, sim fè sa se trayi map trayi patri mwen, e se touye mwen ap touye ansyen ak rèv prezidan Jovenel Moise.”

Majistra enterimè Wanament lan, montre l gen detèminasyon ak foug pou travay kanalizasyon an kontinye jiskobou; li ankouraje peyizan yo pou kontinye travay la pandan li menm lap akonpanye yo ak fèb mwayen li genyen.

Nap fè remake peyizan yo resevwa anpil sipò ak vizit plizyè manm nan kominote a, yon fason pou travay la pa kanpe. Konsa, ajan BSAP yo toujou mobilize pou sekirize travay la ak tout peyizan yo.

Comments are closed.