Lapolis nasyonal nan peyi Dayiti, mare kou krab 3 endividi ki tap sikile ak zam fann fwa nan men yo.

816

3 endividi mare kou krab, se bilan travay ajan PNH yo nan komin Lagonav, patikilyèman Ansagalè.

06-20-2023

Lagonav, Ayiti______(TRiboLAND) Lapolis nasyonal nan komin Lagonav, mare kou krab 3 endividi ki tap sikile ak zam fann fwa nan men yo, jounen madi 20 jen 2023 a, nan lokalite Ansagalè.

Nan moman arestasyon an, ajan PNH yo te jwenn endividi malonèt sa yo, ak 2 zam ilegal san konte yon latriye katouch.

Nan moman nap pale la a, endividi sa yo deja ap reflechi dèyè 4 miray, annatandan y’al prezante devan jij natirèl yo.



Comments are closed.