Ki konesans yon pwofesè bezwen pou ansenye?

Yon moun ki gen vokasyon pou vini pwofesè dwe ame de plizyè tip konesans avan yo kapab arive metrize konplètman difikilte ki genyen nan ansèyman: oto-konesans, konesans etidyan yo, konesans sijè ou matyè-a, e konesans sou teori oubyen rechèch edikasyonèl.
Oto-konesans (konnen sa ou genyen kòm santiman, reyaksyon, e konesans nan domènn edikasyon)
Pwofesè ki fè siksè toujou konsyan de pwòp tèt yo e yo sansib tou fas a bezwen elèv ke yo genyen. Se vre li enpòtan ke pwofesè yo dwe konpwann etidyan yo konplètman, men li mwen evidan ke konpweansyon sa dwe depann de nivo oto-konesans li. Konsa, si edikatè-a anmezi pou fè yon oto-evalyasyon e idantifye pwòp bezwen li (kapab pwan swen tèt li ak rezoud pwoblèm li), anretou lap kapab anmezi pou ede pwòp elèv li. Premye fokis yon edikatè se konekte potansyalite pèsonèl li ak efikasite pwatik pwofesyon an. Oto-konpweansyon ak oto-asèptans se premye eleman de baz ki ka pèmèt yon edikatè ede elèv, konnen, konpwann e asèpte yo.
Konesans sou elèv-la
Genyen yon konesans de elèv wap ansenye-a se ekstrèmeman enpòtan. Karakteristik tankou aptitid, talan,stil apwantisaj, etap devlopman ak abilite pou apwann nouvo materyo se tout yon seri konesans ki esansyèl pou edikatè-a dwe konnen. Konsa, pou yon edikatè arive ansenye yon timoun byen, li dwe konnen byen timoun nan!
Edikatè kapab arive genyen konesans sa atravè etid, obsèvasyon, e entèaksyon repete. San konsiderasyon konpweansyon sou elèv la, pwofesè-a ap lave men swiye atè; e ede apwanti-a pwann ou grandi kapab pa apwopwiye. Jeneralman, rèv yon edikatè pou yon elèv kapab toujou afekte akonplisman akademik elèv-la.
Konesans sou Sijè-a
Tradisyonèlman, yo toujou fè asonpsyon konesans lè yon moun pote tit edikatè. Sa yo ki deyò pwofesyon an, toujou espere lakay yon edikatè yon sèten konpòtman de referans de kalite onivo tout fòm enfòmasyon. San oken dout, edikatè ki genyen yon konesans solid de yon matyè, pi byen ekipe pou ede yon etidyan apwann. Sepandan, konesans sou yon sijè pa otomatikman twadwi yon bon konpweansyon de kòman ou dwe pataje konesans lan avèk apwanti-a.
Trè souvan, nou rankontre anpil edikatè ki gen anpil konesans nan matyè-a; timoun ke yo ap fòme byen asimile tel konsèp e menm arive fè ekselans ladanl. Sepandan, paske edikatè-a pa konsyan de pwosès transmisyon oubyen delivre-a, li konsidere kòm yon ekspè sibjektiv. Li delivre petèt nan fè plon gaye; epwi elèv la reyisi. Konsa, transmisyon an fèt yon fason ki trè sibjektiv e san pwosès ak pwotokòl. Memorize, resite pakè oubyen gen abilite pou sonje dàt, evenman, tab miltiplikasyon pa vle di yon moun chaje ak konesans nan matyè-a. Sa ke anpil nan vye frè ak sè edikatè nou yo pafwa pa genyen se: konesans onivo kontni pedagojik-la ki se yon gwo mayon nan chènn sajès ansènyeman. Li plis gen pou wè avèk konnen mwayen ki pi apwopwiye pou pwezante etidyan yo matyè-a atravè analoji, metafò, experimantasyon, demonstrasyon e ilistrasyon.
Konesans sou teori ak rechèch edikasyonèl
Anpil teori sou apwanti ak apwantisaj toujou itil lè yon edikatè pwofesyonèl ap pwan yon seri desizyon. Konsa, sa ap ede edikatè-a konnen si tèl strateji travay, men tou pou ki sa li travay. Gras a yon nivo konpweansyon pafèt de yon seri teori, edikatè-a vinn genyen anba men-l yon katafal opsyon pou solisyone yon seri pwoblèm ke lòt edikatè ki pa devlope yon repètwa konesans teorik. Anjeneral, devwa nou kòm edikatè pwofesyonèl se aplike konesans teorik lè wap fè fas ak yon seri pwoblèm pwatik.
Louis Louissaint, TRiboLAND






