Endividi pèsòn pa rive idantifye vandalize epi pote ale divès materyèl eskolè nan Lise Tertullien Guilbaud a, nan Pòdpè.

715

06-20-2023

Pòdpè, Ayiti_______(TRiboLAND) Endividi pèsòn pa rive idantifye sakaje epi pote ale divès materyèl eskolè nan Lycée Tertullien Guilbaud Pòdpè a, nan lanwit 19, pou leve jounen madi 20 jen 2023 a.

Direktè Lise a, Mèt Joseph Jean Ernest, ki tap pale fè konnen, yo deja rekeyi bò kote yonn nan jij depè komin nan, Me Maxime Dumagène, konsta legal dega yo, ki vrèman bay men nan machwè.

Joseph Jean Ernest

Sepandan, direktè a pa kache fwoustrasyon li pou jan kalite zak malonèt sa yo ki abitye komèt anndan lise a, lè’l fè konnen, lise a ap fè fas kare ak yon latriye pwoblèm estriktirèl tankou : pwoblèm elektrisite, pwoblèm sekirite, poun site sa yo sèlman.

Li enpòtan pou konnen, Lise Tertullien Guilbaud a, se yonn nan pi gwo sant edikatif depatman Nòdwès la janm konnen, e ki loje anviwon 3.000 elèv, kap fonksyone maten kou aprè midi.

91 lane pa 91 jou, se tèt ansanm pou n mete, poun sove Patrimwàn sa a. Se deklarasyon direktè Lise a, Mèt Joseph Jean Ernest.

Comments are closed.