Tribinal Depè Pòdpè: Yon machin Tonmblokotop ki anbreye sou kòripsyon

265
0
Share:
TRiboLAND

 Tribinal Depè Pòdpè a se yon viritab vye machin kraze kap fonksyone san limyè, sa ki lakòz pèsonèl yo fè sa yo vle, sa yo pito.

01-14-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Depi aprè depa jij titilè a.i tribinal Depè Pòdpè a, Me. Paul Blanc pou peyi Etazini, tribinal site kapwa Lamò a ap fonksyone an mal makak.

Sityasyon sa a lakòz, grefye ak grefyè yo nan tribinal la plonje kò yo nan yon basen kòripsyon san parèy. Tarif jidisyè oktòb 2009 la pa respekte. Yon sètifika Bòn vi ak Mès kita dwe fèt 40-50 dola, ap fèt 300-400 dola nan tribinal sila, sètifika rezidans kita dwe fèt 50-100 G ap fèt 500 G. Anplis tou depan ki moun ki vin pran sèvis la; san konte, pri pou fè konsta ak manda se bagay fenomenal. Kòb ap brase, magogo ap rantre, chalè ak sant kòripsyon ki sou mafya ak kostim yo, ap degaje sou tout vil Pòdpè. Konsa, yon goud Lesko pa janm rantre nan kès Leta. Sak plis enèvan nan tout sa, pa menm gen yon latrin piblik pou jistisyab yo fè bezwen.

Yon lòt bò, gwo diskisyon pa janm sispann blayi nan tribinal sila akòz grefye ak grefyè yo kap pran 10% nan lajan jistisyab yo san pwovizyon legal. Nan zafè odyans penal, pratik sa a disparèt nèt, li rete sèlman kèk tantativ nan kad odyans sivil.

Pou anpil avoka ak pratisyen, jij yo nan tribinal Depè Pòdpè a, plis enterese nan zafè konsta ak lòt sèvis peye, olye pou yo ta pran syèj.

Genyen plizyè tantativ pou pote yon solisyon apwopriye a yon parèy emoraji kòripsyon ak deriv; plizyè gwo zotobre yo nan tribinal sivil Pòdpè a ak pakè ta deja òganize plizyè rankont sou bòn mach ak bon fonksyonman tribinal la, malerezman move pratik gagotaj ak siwotaj yo pa janm chanje.

Pou twouve yon solisyon apwopriye, administrasyon TRiboLAND ap konseye nouvo Dwayen an, ak nouvo komisè gouvènman pakè Pòdpè a, mete yon kontab DGI nan tribinal la konsa, Leta ap kapab gen yon je louvri sou resèt ak depans tribinal la. Kanta pou jij yo, yo dwe konseye yo pou yo disipline tèt yo konsa yo va administre avèk Rigè e san Kòripsyon.

Share:

Leave a reply