Abitan nan vil Pòdpè oblije ap trase kata pou sikile aprè pasaj gwo lapli yèswa a.

760

Gwo lapli ki tonbe yèswa sou vil Pòdpè, lakòz tout ri ak riyèl yo pase anba labou.

06-19-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Gwo lapli ki tonbe nan site Kapwa Lamò a, sòti nan lanwit 18 pou rive maten 19 jen 2023 a, lage abitan yo nan trase kata, akòz majorite ri, ak riyèl yo nan vil la, ap patoje anba labou.

Sòti nan zòn Wonpwen, pase nan ri Kapwa, ak zòn Gran Tiyo, poun site sa yo sèlman, ou ta di dlo pase farin, tèlman labou, dlo santi ak fatra ap fè larezonnen.

Sityasyon sa a, jounen lendi 19 jen 2023 a, bloke sikilasyon abitan yo, e lakòz divès aktivite paralize nan site a, pami yo, aktivite lekòl la.

Malgre vil Pòdpè ap patoje nan labou ak fatra anba zye tout moun, sa pa anpeche gen kèk malfwa ak zèfèyis, kap plede fè elòj pou ekip malonèt Ariel Henry a, kap koupe rache alòske pèp ayisyen an nan mizè ak mal site.

N.B: La Mèri pa egziste nan vil Pòdpè.

Comments are closed.