Pòdpè anba menas inondasyon: kanal kontinye ap bouche nan plenn sezon siklonik lan

457
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Pandan sezon siklonik lan deja louvri ofisyèlman depi premye jen, vil Pòdpè kontinye ap mennen yon batay san repons ak risk katastwofik inondasyon. Kanal yo ki fasilite dlo sikile, chaje ak fatra, tè, debri tout kalite, e nan kèk ka vin tounen depo fatra piblik.

Sitiyasyon sa a mete popilasyon an, sitou nan katye popilè tankou: Site Maxo, Nan Aman, Dèkouyout, Demelis, Nan Zakari, pou-n site sa yo sèlman anba gwo menas. Chak fwa lapli mare se yon sous kè sote. Okenn mezi netwayaj sistematik pa parèt vizib sou teren an, e otorite lokal yo pa bay okenn kominike ofisyèl sou sa kap fèt pou evite evantyèl katastwòf.

Malgre apèl repete plizyè òganizasyon lokal, tankou Inyon Tèt Ansanm pou Devlope Pòdpè (ITDP), pa gen okenn plan prevantif ki aktyèlman an plas. “Nou pa wè ni DINEPA, ni MTPTC, ni Meri a ap mete tèt yo ansanm pou al wè kijan pou nou evite pi mal,” deklare Jésula Pierre, yon manm òganisasyon an.

Anpil moun mete responsabilite a sou absans kowòdinasyon ak gaspiyaj resous. “Chak ane, nou tande pale de fon ki soti, men kanal yo rete jan yo ye a: bouche, neglije, e danjere.

Tan an ap pase, lapli ap menase, men kanal yo pa netwaye. Pòdpè rete yon vil ki vilnerab, e chak jou ki pase san aksyon, se yon jou ki mete plis lavi an danje. Lè a rive pou otorite yo pran responsabilite yo, anvan yon lòt trajedi fwape site Kapwà Lamò a. ‎

Share:

Leave a reply